MODESS: MOUVMAN POU DEVLOPMAN EKONOMIK AK SOLIDARITE SOSYAL

Pwojè

Pou satisfè bezwen popilasyon kafou a ki deja depase 500.000 moun, gen yon nesite pou tout sektè k ap viv nan komin lan chèche solisyon dirab ak pwoblèm k ap menase edikasyon, anviwonnman, agrikilti, endistri ak touris. Apre kontak ap popilasyon e rechèch sou teren an, MODESS deside travay 3 gwo pwogram sa yo nan 10 ane k ap vini yo.

Edikasyon ak Gouvènans

Tankou tout ki gen konesans nan devlopman ka remake l, MODESS tou reyalize ke se pa mwayen ak richès ki manke nan yon gwo komin Kafou. Pwoblèm se kominote yo k ap viv nan Kafou ki poko rive kreye yon sistèm pou pèmèt devlopman fèt kòm sa dwa. Sa vle di komin lan poko rive gen yon lidèchip ki gen konesans ak konpetans pou mete Kafou sou wout pwogrè. Nan sans sa a, MODESS rann li kont ke yon edikasyon k ap fòme moun pou bon dirijan se yon nesesite nan Kafou. Se poutèt MODESS ak kontinye fè pou moun ki nan òganizasyon katye, òganizasyon fanm, òganizasyon pwofesyonèl, òganizasyon nan seksyon kominal, dirijan kolektivite teritoryal yo sou gouvènans lokal. Pou devlopman ak demokrasi ka boujonnen, fòk popilasyon rive jwenn fòmasyon k ap pèmèt li pran desten li nan men.

Reyalizasyon MODESS

Nan 15 an ki sot pase yo, MODESS reyalize anpil pwojè ak aktivite nan komin Kafou a.

*Kèk nan moun MODESS te envite fè entèvansyon nan seminè sa yo : Majistra José Macdonaldo (Rep. Dominikèn)

*Kòlòk ( chita tande) sou enpòtans kolektivite tèritoryal yo nan desantralizasyon ak avansman demokrasi.

*MODESS te envite senatè dominiken Max Puig pou patisipe nan aktivite sa a.

Nan 25 ane ki sot pase yo, popilasyon Kafou ogmante tankou 8 a 10 fwa pi plis. Koulye a, genyen plis pase 800.000 k ap viv nan komin la. Sa vle di gen anpil presyon k ap fèt sou anviwonman zòn lan. Si pa gen okenn pwogram familial ki fèt, nan 10 an, Kafou pou kont li ap genyen plis pase 1 milyon moun.

Pou yon popilasyon k ap ogmante san pran souf konsa, anpil planifikasyon ak administrasyon solid nesesè pou kapab satisfè tout moun k ap viv nan komin lan. Se nan sans a, MODESS ap travay ak kominote k ap viv nan seksyon kominal yo tankou nan vil Kafou pou reyalize pwojè k ap fè

 Pwojè ak aktivivite MODESS koulye a

Konferans-deba

Nan mwa septanm 2008 lan, MODESS rekòmanse òganize konferans deba nan sou tout domèn lakonesans. MODESS organize konferans sa yo popu pèmèt jèn yo ak sitwayen nan komin lan pran abitid chita ansanm, aprann, e diskite sou sa k ap pase nan komin lan, nan peyi a, ak nan mond lan. Apre konferansye a fini fè ekspoze li, MODESS kite anpil tan disponib pou kesyon ak deba sou sijè. MODESS kwa deba se youn nan pi bon mwayen pou ankouraje pratik demokratik.Konferans sa yo ap fèt omwen 2 fwa chak mwa.

Seminè

Chak twa (3) mwa, sa vle di fwa nan ane a, MODESS òganize seminè pou manm òganizanizasyon ki nan seksyon kominal yo tankou nan vil kafou sou: òganizasyon kominotè, pratik demokratik, rebwazman, anviwonnman, agrikilti, ekonomi, touris. Chak manm ki patisipe nan seminè say o ap resevwa yon sètifika k ap sèvi nan anpil bagay ke yo va genyen pou yo antreprann pi devan.

 

 

 
Paj Akèy Prezantasyon Pwojè Enfòmasyon Albòm Foto Kontakte Nou