MODESS: MOUVMAN POU DEVLOPMAN EKONOMIK AK SOLIDARITE SOSYAL

Prezantasyon

Ki sa MODESS ye ?

Mouvman pou Devlopman Ekonomik ak Solidarite Sosyal (MODESS) se yon ognizasyon ke yon gwoup sitwayen kreye nan komin Kafou, nan ane 1994, pou pote yon solisyon dirab ak pwobl è m sosyal ekonomik k ap ravaje kominote yo k ap viv nan vil la tankou nan sesyon kominal yo pa mwayen edikasyon, fòmasyon ak konsyatizasyon.

MODESS se yon òganizasyon endepandan ki pa mare kòn lonbrit li ak okenn relijon oubyen pati politik ; sa vle di MODESS kapab travay ak tout moun oubyen òganizasyon k ap lite pou chanjman pwofon ak pwogrè pou tout moun k ap viv nan komin Kafou a ak rès pwyi a. Se sa k fè nan 10 lane ki sot pase yo, MODESS kolabore ak ayisyen tankou etranje, enstitisyon lokal, nasyonal ak entènasyonal pou mete Komin Kafou sou wout pwogrè ak devlopman dirab.

MODESS  nan Komin Kafou

Malgre dimansyon li, richès li ak tout resous li genyen, Kafou ki se youn nan pi gwo komin ann Ayiti a, pat janm rive genyen yon mouvman oubyen yon òganizasyon ki ka defann dwa li e travay pou ankouraje devlopman ak pwogrè soyal nan seksyon kominal yo andeyo tankou anndan vil Kafou. Touswit apre rejim Divalye a tonbe, yon bann òganizasyon bidon pouse tankou djondjon ; yo pat gen ni baz ni konpetans pou ede komin lan ak moun yo k ap viv ladan l pran direksyon te nesesè nan moman an. Apre konsta sa a, yon gwoup pwofesyonèl, edikatè ak ajan developman ki te deja gen plizyè ane eksperyans ap fonksyone nan lòt òganizasyon, deside kreye yon mouvman pou ede kominote yo k ap viv nan Kafou patisipe aktivman nan pran desizyon ak kreye kondisyon k ap pèmèt lavi souri bay tout moun nan komin lan.

Nan 15 ane ki pase yo, MODESS te chita plis nan vil Kafou. Majorite nan travay li reyalize te sitou nan fòmasyon ak konsyantizasyon. Soti nan fen ane 2008 lan pou rive nan ane 2020, MODESS ap konsantre aktivite l yo sou :

Misyon MODESS

Travay men nan men ak òganizasyon, enstitisyon ak kominote yo k ap viv nan Kafou pou defann entere timoun, jèn ak granmoun yo ; epitou fè pwomosyon pou devlopman ekonomik, pwogre sosyal ak demokrasi nan komin lan e nan rès peyi a.

Objektif MODESS

Jan MODESS òganize tèt li

MODESS gen yon sekretarya ki gen plizye branch ke yo rele komisyon. Chak komisyon gen responsabilite pou li fè tout aktivite ki depann de li fonsyone kòm sa dwa.

 

 

 

Manm sekretarya MODESS yo
Dieusseul Damus se sekretè jeneral MODESS. Li fè relasyon piblik pou òganizasyon pou MODESS tou. Mèt Damus se pwofesè angle ak espanyòl nan lise Louis Joseph Janvier (Kafou), nan Juvénat des Frères du Sacré-Coeur ak Kolèj Univers Frère Raphael. Epi tou, li se prensipal reprezantan CONNEH nan Kafou.
Dieusseul Damus se sekretè jeneral MODESS. Li fè relasyon piblik pou òganizasyon an tou. Mèt Damus se pwofesè angle ak espanyòl nan lise Louis Joseph Janvier (Kafou), nan Juvénat des Frères du Sacré-Coeur ak Kolèj Univers Frère Raphael. Epi tou, li se prensipal reprezantan CONNEH nan Kafou.
 
Lucien Claude Kéchener se sekretè jeneral adjwen ak redaktè an chèf MODESS. Li se pwofesè istwa ak jewografi nan Juvénat Frères du Sacré-Coeur ak lòt lekòl ankò. Li se ansyen direktè lise Verettes la. Koulye a li se manm CONNEH tou.
Lucien Claude Kéchener se sekretè jeneral adjwen ak redaktè an chèf MODESS. Li se pwofesè istwa ak jewografi nan Juvénat Frères du Sacré-Coeur ak lòt lekòl ankò. Li se ansyen direktè lise Verettes la. Koulye a li se manm CONNEH tou.
 
 
Willot R. Joseph se ansyen sekretè jeneral MODESS. Koulye a li se direktè pwojè ak delege entènasyonal pou MODESS. Epi tou li se ansyen pwofesè anglè ak espanyòl nan kolèj Juvénat ak Frère Raphael nan Kafou. Koulye a li se vis prezidan Ayiti Gouvènans (AG).
 
 
Manm sekretarya MODESS yo
 
Ronald Dorvil se manm sekretarya jeneral MODESS depi òganizasyon an kòmanse fonksyone nan ane 1994. Koulye a li se delege ak konseye òganizasyon an.
 
Francklin Célestin se mann sekretarya MODESS la. Koulye a li se trezorye ak konseye nan òganizasyon an. Pwofesyon li se kontab. Nan moman sa a, l ap patisipe nan jesyon Bibliyotèk Justin Lhérisson an ke MODESS fonde nan Ane 1998.
Francklin Célestin se mann sekretarya MODESS la. Koulye a li se trezorye ak konseye nan òganizasyon an. Pwofesyon li se kontab. Nan moman sa a, l ap patisipe nan jesyon Bibliyotèk Justin Lhérisson an ke MODESS fonde nan Ane 1998.
 
 
 
Paj Akèy Prezantasyon Pwojè Enfòmasyon Albòm Foto Kontakte Nou