MODESS: MOUVMAN POU DEVLOPMAN EKONOMIK AK SOLIDARITE SOSYAL

Enfòmasyon

Pou bay popilasyon an, espesyalman jèn yo, enfòmasyon ak fòmasyon ki nesesè pou yo yo kapab pran desten yo nan men, epitou, pou yo kapab pran desizyon ki chita sou rechèch ak bon jan konesans nan domèn edikasyon, devlopman ak anviwonnman, MODESS deside òganize konferans-deba 2 fwa chak mwa. Pou pèmèt tout gen aksè ak fòmasyon sa yo, MODESS filme ak anrejistre tout konferans sa yo. Pi devan, nenpòt moun ki vle ap kapab achte tep, DVD oubyen CD konferans sa yo. MODESS kwè enfòmasyon se kle ki wouvè pòt lakonesans. Se pou tèt rezon sa li kreye espas pou pèmèt tout moun ki vle vin pran moso lakonesans gratis.

 

Enpòtans konferans-deba sa yo

Konferans-deba sa yo gen anpil enpòtans pou patisipan yo. Konferans sa yo pèmèt patisipan:

  1. aprann chita ansanm pou tande, poze kesyon ak diskite
  2. devlope pratik demokratik
  3. devlope enterè nan chèche enfòmsyon ak konesans
  4. konsyantize sou pwoblèm sosyal politik ak anviwonnmantal
  5. vini alèz nan pran lapawòl an piblik
  6. bay opinyon yo sou sa k ap pase lakay yo ak lòt kote to
  7. aprann nouvo enfòmasyon ak konesans
  8. pataje konesans yo ak lòt moun nan kominote yo
  9. rankontre ak fè echanj ak mou k ap viv nan lòt kominote
  10. devlope lidèchip nan nenpòt gwoup ke yo patisipe
  11. pran abatid reflechi e chèche solisyon ak pwoblèm pèsonèl, sosyal ak ekonomik.

 

Temwanyaj

Pandan 10 an ki sot pase yo, plizyè man ki te konn patisipe nan aktivite MODESS jwenn anpil benefis sou plan pèsonèl, sosyal ak ekonomik.

Plizye etidayan benefisye bous ann Ayiti tankou aletranje.

Domon Joseph ki te yon manm nan sekretarya MODESS la ap viv an Frans koulye. Li voye ankouraje manm MODESS yo pou yo toujou kontinye bon travay y ap fè nan Kafou. Li di: san kat MODESS ak eksperyans li te ranmase nan konferans-deba yo li pa t ap jwen azil an Frans.

Dieusseul Damus ki se sekretè jeneral MODESS koulye toujou di san patisipasyon l nan MODESS li pa t ap genyen privilèj li genyen koulye a sou plan entèlektyèl, soyal ak ekonomik. Li ajoute: “nan tout lòt gwoup m patisipe, akoz eksperyans mwen ranmase nan MODESS, m toujou jwe wòl lidèchip”.

Willot R. Joseph di MODESS pèmèt reyalize anpil pwogrè entelektyèl. Travay òganizasyon devlope lidèchip ak konpreyansyon li de pwoblèm sosyal, kiltirèl, ekonomik, ak anviwonnmanal k ap ravaje komin Kafou ak tout rès peyi. Willot ajoute: “MODESS pèmèt mwen ale nan yon konvansyon Aván, Kiba an sektanm 1995; epite nan Santo Domingo ak Edouard Thomas, yon lòt manm sekretarya MODESS la pou obsève eleksyon nan ane 1997.

MODESS pèmèt Herold Marseille, Jean Bonnélus, Lucien Claude Kéchener, Willot R. Joseph ak Damus Dieusseul pran fòmasyon sou devlopman kominotè ak Frè Enel Clérismé nan Kafe Lonpre, ane 1997.

Pandan w ap navige sou sit sa, pwofite li kèk aktik nan jounal espesyalize. An menm, w ap kapab li jounal ak liv ayisyen tankou etranje.


1. Information sur les techniques traditionnelles en Haiti.

2. Le Monde diplomatique

3. Le Nouvelliste

4. La revue science et vie

5. L'UNESCO

 

 

 
Paj Akèy Prezantasyon Pwojè Enfòmasyon Albòm Foto Kontakte Nou